vendredi 23 décembre 2016

ALA YON BON JWÈ SE DOLA AMERIKEN! (Premye Pati)

1. Peyi yo jounen jodi a pa izole, yo chak gen lajan pa yo alòske yo ap fè komès youn ak lòt : sa fè yo vin bezwen yon zouti ki pèmèt yo boukante lajan sa yo : zouti sa se todchanj lan.
2. Ekzanp, todchanj dola ameriken an an goud pèmèt  ou konnen chak grenn dola konbyen goud li vo, sa vle di konbyen goud ou bezwen pou chak grenn dola si ou vle boukante dola ak goud. Pou kounye a, ou bezwen plis pase 66 goud pou sa fèt. Men sa pa t toujou konsa.
3. Nan dat 13 me 1919, epòk kote blan Meriken t ap okipe Ayiti (1915-1935), gouvènman ayisyen an te jwenn yon antant ak Etazini pou stope todchanj lan ki te gentan kòmanse ap monte. Se lè sa yo toulede te kole zepòl pou yo fikse todchanj lan an gwo ponyèt. Soti lè sa a rive jouk nan ane 80 yo, todchanj lan te rete stab : 5 goud pou yon dola! (Se sa ki fè tou jouk jounen jodi a nou kontinye rele gwo adoken yo dola ayisyen.)
4. Men jan nou sot di sa a, apati ane 80 yo, bagay la kòmanse chanje poukont li. Leta te vin pèdi kontwòl sou todchanj lan. Dola ameriken an rekòmanse monte mòn san li pa janm retounen desann nan nivo 5 goud pou 1 dola a ankò.
5. Bank Santral peyi a (BRH), vin oblije reziyen l chanje sistèm : li bay sistèm todchanj fiks la vag e adopte yon todchanj ki ka chanje poukont li parapò ak jan ekonomi an ap mache.
6. Kifè, todchanj lan lè sa, gwosomodo, vin rezilta kantite goud ki ap sikile nan peyi a parapò ak kantite dola ki ap sikile nan peyi a. Plis gen goud parapò ak dola, se plis goud la ap pèdi valè. Menm jan an tou, plis ta gen dola ki antre nan peyi a, se plis goud la t ap pran valè paske dola a pa t ap ra ankò. Gwosomodo, se konsa bagay la fonksyone. E ou ka gentan devine, plis nou vann pwodui nou yo aletranje, se plis kòb etranje ap antre nan peyi a e se plis goud nou an ap pran valè, men malerezman se pa konsa sa pase.

7. Bank Santral te eseye e kontinye eseye pou li wè si li te ka jwenn yon ekilib ant goud la ak dola nan peyi a, pou li wè si goud la te ka sispann degrengole. E pou sa li gen plizyè zouti li itilize : li konn aji dirèk dirèk sou mache todchanj lan, li konn eseye jwe sou to enterè Bank yo (pou li ka kontwole kantite goud ki ap sikile), li konn oblije bank yo sere yon minimòm kòb nan Bank Santral, epi tou li konn prete kòb nan men Bank yo atravè yon zouti ki rele « Bon BRH ».
8. Men malerezman, sanble zouti sa yo pa twò efikas. Si yo te efikas nou pa t ap nan sa nou ye jounen jodi a. An 1995, ou te bezwen 14,45 goud pou yon dola, an 2005 ou te bezwen 39,23 goud pou yon dola e an 2016 se pa pale! Sanble sa ki lakòz dola ameriken an ap vale teren an, fòk nou fouye pi fon pou nou ka konprann li paske rasin li sanble makonnen ak jan ekonomi nou an ap fonksyone.
9. Nan yon pwochen atik, sou baz yon memwa Antoine Dit Rigaud Fils Fragé te prezante an 2009 sou kesyon todchanj lan ki ap plede chanje a, yon memwa ki te itil nou anpil pou atik sa, nou pwomèt ou nou ap retounen sou kesyon kòz pwoblèm sa a e nou ap eseye idantifye kèk solisyon tou.
10. Klike sou sa pou nou ka al li memwa a sou entènèt.
11. Randevou kase. Pa bliye ou ka like paj Krekonomi an, abone ak blòg la, kòmante atik la, like atik la, tag zanmi ou anba li,oswa pataje li ak zanmi ou.

Kredi foto: Le Nouvelliste Haiti​; HG News Network​