samedi 25 février 2017

AYITI: GWO TWOU KI SEPARE MOUN RICH AK MOUN PÒV LA


Kòman gato a separe nan ekonomi an? Èske gen yon ti gwoup moun ki jwenn tout richès la alòske yon lòt gwoup prèske pa ka souse menm yon mant? Kòman nou ka mezire epi konpare inegalite ekonomik ki genyen anndan sosyete yo? Youn nan mezi ekonomis yo konn itilize pou sa se Endis Gini an (pwononse l tankou DJINI). Li senp. Li soti nan zewo pou rive nan 100. 100 se ka ki pi grav la : sa vle di yon sèl grenn moun fè dappiyanp sou tout richès peyi a. 0 se ka tout peyi ap reve a : kote N % moun ki pi pòv nan tout popilasyon an jwenn N % nan richès peyi a, sa vle di pataj richès la fèt egalego. Tankou, si Endis la ta 0, ou ap jwenn 90% popilasyon an posede 90% richès yo, sa ki yon bon bagay nèt. An jeneral, Endis Gini an pa ni 100 ni 0. Li pi pre 100 pou peyi ki gen anpil inegalite yo, e li pi pre 0 pou peyi ki gen mwens inegalite yo, men soti nan yon ane rive nan yon lòt Endis sa konn chanje dapre fason peyi yo ap evolye. Nan anpil peyi, e pafwa menm nan peyi ki devlope (tankou Etazini oswa Lafrans), se vre Endis lan ba, men li gen tandans ogmante tank ane yo ap pase, sa vle di moun rich yo ap pran plis distans parapò ak moun ki mwens rich yo nan kantite lajan yo fè. Kòman sitiyasyon an ye Ayiti?

Move nouvèl. Nonsèlman Ayiti pami 25 peyi ki pi pòv nan mond lan, menmsi gen nenpòt 20 peyi nan 25 lan ki pi pòv pase li, men li nan 5 peyi kote gato a pi mal separe nan mond lan, sa vle di pòv Ayiti yo pòv anpil parapò ak ti gwoup tou zuit moun ki rich yo. Kifè, Ayiti gen plis inegalite ekonomik pase anpil peyi ki poutan pi pòv pase li! Sou baz chif ki pi resan nou jwenn pou Endis Gini an sou sit Bank Mondyal la, sèl 2 peyi ki sanble gen plis inegalite pase Ayiti: Afrique du Sud ak Namibie. Poutan dapre yon klasman ki te pi ansyen, Ayiti te jis setyèm sa gen kèk tan. Gen 2 bagay ki pase : anpil nan peyi ki te gen inegalite kite tèt lis la bay Ayiti paske yo vin gen mwens inegalite anmezi ane yo ap pase (tankou Sierra Leone, Lesotho ak Centrafique). Anmenmtan tou, inegalite yo pa sispann ogmante Ayiti : Endis Gini an soti nan nivo 59.5 an 2001 pou li rive 60.8 an 2012.
"Diner en blanc", 16 novanm 2014, le Montcel, Ayiti
Kredi:Corentin Fohlen

Peyi pòv pa oblije vle di gen gwo inegalite ant moun rich ak moun pòv. Plen peyi ki pòv ki gen nivo inegalite ki pwòch oswa pi ba pase nivo inegalite nan anpil gwo peyi devlope. Yon ekzanp ki enteresan, an 2006, Burundi, yon peyi ki pi pòv lontan pase Ayiti, te gen yon Endis Gini ki pi piti pase endis Gini Etazini an, sa vle Etazini te gen pi gwo distans ant rich ak pòv, gato a te pi mal separe Etazini. Sa pa vle di pòv Burundi yo gen plis kòb oswa ap viv pi byen pase pòv Etazini yo, sa gendwa jis vle di, pou ane sa a, gen mwens distans ant moun rich ak moun pòv Burundi pase distans ki gen ant yo nan peyi Etazini.
Kifè sitiyasyon an grav anpil Ayiti lè nou gade Endis Gini li an. Pou nou rezime: 1) Peyi a pami 25 peyi ki pi pòv nan mond lan men gen nenpòt 20 peyi ki pi pòv pase li 2) Nan zafè inegalite oswa nan zafè pataj gato a ant moun rich ak moun pòv, peyi a pami 5 peyi ki gen plis inegalite nan mond lan 3) Nivo inegalite a kontinye ogmante soti nan yon ane pou rive nan yon lòt. Ti ponyen moun ki te gentan pi rich Ayiti a ap vin pi rich toujou parapò ak sila yo ki te deja prèske pa posede anyen yo. E chak ane bagay la ap vin pi rèd. Tout konsta sa yo ka rezime nan yon sèl fraz: Gen 2 Ayiti. Ayiti pa sila ki pi pòv la ak Ayiti pa sila ki pi rich yo, epi gen yon gwo twou nan mitan yo, e sou bouch twou a gen kèk moun nan yon swadizan klas mwayèn ki ap eseye janbe twou a. Dapre ONU, an  2009, 10% moun ki pi rich nan popilasyon an te posede 54 fwa lavalè sa 10% moun ki pi pòv yo te posede. Sa grav anpil, sa vle di fòk ou ta rasanble 54 fwa sa 1 milyon moun ki pi pòv nan peyi a posede pou ou rive nan nivo kantite kòb 1 milyon moun ki pi rich nan peyi a posede!


Pa bliye nou te di dapre chif nou jwenn pou endis Gini an, se 2 peyi sèlman ki pi mal pase Ayiti nan zafè inegalite aktyèlman. Endis Gini Namibie sanble ap desann anmezi ane yo ap pase, sa vle di ap gen mwens inegalite, yon jou li ka vin gen mwens pase Ayiti si sitiyasyon Ayiti a pa amelyore. Se sèl Afrique du Sud ki gen yon nivo inegalite ki ap pike monte, tankou pa Ayiti a, men nou pa lwen li nonplis. Kidonk, si janmè Afrique du Sud ta ralanti e nou menm nou ta kontinye sou menm vitès la, li pa enposib pou yon jou nou vin peyi kote a gato a pi mal separe nan mond lan, yon peyi kote yon ti gwoup moun sèlman pote lamayòl la pandan pifò moun ladan ap benyen chen ak yon bouda monnen…

vendredi 10 février 2017

LEND:YON PEYI KOTE LÈT LA KOULE PI FRE (OPERATION FLOOD)

Mahatma Gandhi
Sa pa gen twò lontan, nan mitan mwa janvye 2017 la, nou te aprann Japon fè peyi a kado 282 000 sak diri. Gen anpil moun sa te choke. Poutan, diri sa se te pou leta ka vann li anndan peyi a epi resèt li fè a li ap ka itilize li pou li envesti nan pwojè devlòpman, tankou konstwi yon mache piblik nan yon zòn. Lè konsa, yo di gouvènman an monetize èd alimantè a, sa vle di li fè manje yo ba li a tounen lajan li ka itilize pou finanse pwojè. Men kisa nou ka di sou koze monetizasyon sa a? Èske gen ekzanp lòt peyi kote sa bay rezilta?Èske li kapab yon bon bagay?  Ki pwoblèm li poze?
Peyi Lend kapab yon modèl nan fason yon peyi ki pa ko fin devlope kapab itilize manje lòt peyi ap ba li, pou li ka bouste pwòp pwodiksyon agrikòl pa li e konsa vin granmoun vant li. Jodi a nou pral fè yon ti pale sou yon kokennchenn pwogram devlopman sektè lèt, peyi Lend te mete sou pye apati 1970, ki rele "Operation Flood", ki fè jounen jodi a Lend vin pi gwo pwodiktè lèt nan MOND lan, alòske anvan sa pwodiksyon lèt nan peyi sa t ap benyen chen.

GRANGOU APRE ENDEPANDANS PA DOUS
Lend se yon peyi ki te konn benefisye èd alimantè lòt peyi, sitou gras ak Pwogram Alimantè Mondyal la (PAM), yon pwogram Ayiti benefisye tou. Èpoutan Lend te rive fè agrikilti li a fè yon ti goute Revolisyon Vèt la, apre li fin pran endepandans li nan lane 1947 nan men Angle yo e pandan sektè agrikòl li a te gen gwo difikilte. Sa nou rele Revolisyon Vèt la se yon "mouvman politik" pou bouste agrikilti a ki te lanse nan ane 40 yo nan peyi Meksik e ki t apral simayen kò li nan anpil peyi lòt peyi ki sou wout devlopman. Li te chita sou 3 gwo wòch dife : itilize varyete plant ki bay gwo rannman, itilize anpil angrè ak pwodui ki pwoteje plant yo kont bèt ak maladi, epi itilize irigasyon pou wouze tè yo pou yo ka rann plis. Men malerezman, sa ki pase, se yon ti pati sèlman nan peyi Lend ki te rive benifisye politik sila a : zòn ki te deja byen kanpe yo jwenn tout pandan yo bliye zòn defavorize yo, gwo zotobre ak gwo pwopyetè yo jwenn tout alòske ti peyizan yo pa souse yon mant. Èpi sa pa t anpeche tè agrikòl yo kontinye fè miyèt mòso tank jenerasyon yo ap pase. Soti nan ane 80 rive nan ane 90, kantite tè yon eksplwatasyon agrikòl te genyen, gwosomodo, te soti nan 1.8 ekta (ha), sa vle di mwens pase yon kawo tè edmi,  tonbe nan 1.5 ha. Kidonk, nou ka konprann, bagay la pa t myèl pou agrikilti peyi Lend. Nou ap note degrengolad sa pa twò depaman ak sa Ayiti kontinye ap viv la, kote jounen jodi a se 0.5 ha sèlman  an mwayèn pou yon antrepriz agrikòl.
Kifè, se konsa, tank ane 70 yo ap pwoche, dirijan peyi Lend yo kòmanse sispèk yo genlè pa ta dwe konte twòp sou jaden yo e se konsa yo kòmanse vize elvaj la pito, sitou pwodiksyon lèt la. Ant 1947 ak 1970, pwodiksyon lèt nan peyi Lend t ap dòmi pou nou pa di li te an degraba, e se te yon pwodiksyon tradisyonèl avèk ti peyizan. Poutan, yon bò, te gen yon eksperyans koperativ lèt ak ti pwodiktè nan yon zòn ki rele Anand nan peyi Lend ki te bay anpil bon rezilta gras ak yon potorik gason yo rele Kurien, yon lòt bò peyi Èwòp yo te gen lèt agogo ki ap gaspiye e yo te pare pou fè Lend kado nan lèt yo gen anplis la. Dayè alepòk Lend pa t ka pwodui ase lèt pou satisfè bezwen plis pase 300 milyon endyen ki te genyen nan peyi sa a. Kounye a, leta di konsa sa fè li pa itilize poud lèt peyi Èwòp yo ap fè li kado yo pou li vann, sa vle di monetize yo, epi itilize lajan sa pou li devlope pwodiksyon lèt li an nan tout peyi a sou baz modèl koperativ la. Kidonk, toutpandan Lend t ap resevwa poud lèt Lewòp yo ki te itil li pou li konble vid pwodiksyon nasyonal li a pa t ka fin kouvri a, li t ap pwofite vann li pito epi itilize lajan an pou kore pwodiktè lèt lokal yo, sitou ti pwodiktè yo, nan kad yon kokennchenn pwogram devlòpman kote koperativ yo t apral jwe wòl potomitan. Se sa yo t apral rele Operation Flood la oswa Operasyon Agogo. Yo menm konn rive rele li Revolisyon Blanch lan, akoz koulè lèt genyen an e akoz kokennchenn enpak Operasyon sa te gen sou lavi moun.

YON KOKENNCHENN OPERASYON
Nan premye faz Operasyon sa a, soti ane 70 rive 80, se sanse sèl kòb monetizasyon an ki te sous lajan pou leta kapab finanse devlopman koperativ lèt yo, kore yo epi tabli koneksyon ant yo menm ak konsomatè ki nan vil nan yo. Lewòp fè Lend kado 126 000 tòn lèt an poud ak 42 000 tòn luil bè ki fèt ak lèt. Nan dezyèm faz operasyon an (81-85), anplis èd alimantè a, Bank Mondyal te prete Lend kòb tou pou li ka bouste pwodiksyon lèt la pi plis, dayè depi tan sa Lend te gentan prèske pwodui ase lèt pou tout popilasyon an gras ak nenpòt 43 000 koperativ ki te gentan kreye pandan Operasyon an! Twazyèm faz la, soti 85 rive 96, prèske finanse menm jan ak dezyèm nan avèk yon finansman 360 milyon dola fwa sa nan men Bank Mondyal. Faz sa a pèmèt 30 000 lòt koperativ lèt rive kreye! Finalman, an 1998, Lend pran plas premye pwodiktè lèt nan mond lan nan men Ètazini.
Paneer, yon fwomaj endyen
(Source:  Sonja Pauen - Stanhopea - Own work, CC BY 2.0)

Pou nou ka byen konprann kalite pwogrè ki fèt la, li bon pou nou konnen gras ak Operasyon Flood la,  pwodiksyon an soti nan mwens pase 30 milyon tòn chak ane rive 87 milyon an 2003, sa ki fè kantite lèt ki disponib pou chak grenn Èndyen soti nan 107 gram chak jou rive nan plis pase 190 gram, alòske kantite moun ki gen nan peyi a ap pike monte (jodi a Lend se dezyèm peyi ki gen plis moun nan mond lan, ak 1.2 milya abitan men yo prevwa disi 2020 chif nou sot bay pou pwodiksyon lèt chak ane a ap triple). Se nenpòt 100 milyon fanmi, kote pifò se ti peyizan ki pafwa pa menm posede tè, ki rive fè plis lajan gras ak Operasyon Flood la. Dayè 70% nan lèt Lend pwodui a soti lakay ti peyizan ki apenn gen 2 bèf! Kidonk malere yo benefisye pwogram sa anpil! Lajan yo fè nan lèt la kapab soti nan yon ka rive menm nan mwatye total lajan yo fè. Jodi a se nenpòt 100 000 koperativ vilaj ki ap fonksyone nan sektè lèt la e ki fòme yon rezo e anpil òganizasyon pran ekzanp Lend lan tankou yon modèl pou lòt peyi.

AN NOU PA KONFONN MONETIZE AK BETIZE
Gen anpil pwogram monetizasyon nan mond lan. Ayiti kole zepòl li ak Japon pou li monetize èd diri li ap resevwa depi nenpòt 10 zan yo konsa epi ak lajan sa li di li ap envesti nan devlopman. Menm si pwogram monetizasyon yo kapab yon boustè vre, tankou nan ekzanp Lend lan, men gen anpil kritik yo fè yo tou. Yo sispèk yo konn enfliyanse oswa deranje pwodiksyon lokal nan peyi ki ap resevwa èd la paske pwodui ki nan èd la konn antre an konkirans ak li oswa li ka fè pri pwodui lokal yo bese si pwodui èd la vann twò ba pri, sa ki ka dekouraje pwodiktè lokal yo.

Nan ka pa Ayiti a, kontrèman ak ekzanp Lend lan, pwojè devlopman monetizasyon an ap finanse yo se vre yo sanble enteresan, men dapre nou yo rete plon gaye. Lè ou ale sou sit biwo leta ki ap jere koze sa a, ou wè yo nan tout sòs: sekirite alimantè, kreyasyon djòb, enfrastrikti, agrikilti, kreyasyon mache libelibè, enfrastrikti tankou wout, sante ak edikasyon, elatriye. Mezanmi, pise gaye pa kimen, se sa pwovèb la di. Nou panse, dwe gen gwo analiz ki pou fèt anvan nou deside rantre 282 000 sak diri nan peyi a pou nou ka sèten li pap deranje pwodiksyon nasyonal nou an ki deja an mal makak akoz diri ameriken an e plan konsa ta merite debat ak popilasyon an. Men tou, si nou di nou ap fè monetizasyon nou bezwen genyen objektif ki pi klè, pi presi pou nou ka bonjan pwofite monetizasyon ki ap fèt la e fè li tounen yon boustè pou devlopman peyi nou, tankou Lend. Tout an 2000, Lend te toujou ap resevwa manje nan men lòt peyi, jodi a li se youn nan peyi ki bay plis manje pou distribye nan lòt peyi ki nan bezwen. Ala bèl ekzanp!
Nou te kontan pote ti dosye sa a pou ou. Nou ap tann kòmantè pa ou. Di nou sa ou panse? Èske dapre ou èd alimantè a se yon nesesite, yon pwazon oswa yon bagay nou ka pwofite pou devlope peyi nou? Pa bliye like paj Krekonomi an pou ankouraje nou si ou poko fè sa epi pataje sa nou sot di yo ak lòt moun. Nou ap tann kòmantè ou.

Kèk referans: