vendredi 23 décembre 2016

ALA YON BON JWÈ SE DOLA AMERIKEN! (Premye Pati)

1. Peyi yo jounen jodi a pa izole, yo chak gen lajan pa yo alòske yo ap fè komès youn ak lòt : sa fè yo vin bezwen yon zouti ki pèmèt yo boukante lajan sa yo : zouti sa se todchanj lan.
2. Ekzanp, todchanj dola ameriken an an goud pèmèt  ou konnen chak grenn dola konbyen goud li vo, sa vle di konbyen goud ou bezwen pou chak grenn dola si ou vle boukante dola ak goud. Pou kounye a, ou bezwen plis pase 66 goud pou sa fèt. Men sa pa t toujou konsa.
3. Nan dat 13 me 1919, epòk kote blan Meriken t ap okipe Ayiti (1915-1935), gouvènman ayisyen an te jwenn yon antant ak Etazini pou stope todchanj lan ki te gentan kòmanse ap monte. Se lè sa yo toulede te kole zepòl pou yo fikse todchanj lan an gwo ponyèt. Soti lè sa a rive jouk nan ane 80 yo, todchanj lan te rete stab : 5 goud pou yon dola! (Se sa ki fè tou jouk jounen jodi a nou kontinye rele gwo adoken yo dola ayisyen.)
4. Men jan nou sot di sa a, apati ane 80 yo, bagay la kòmanse chanje poukont li. Leta te vin pèdi kontwòl sou todchanj lan. Dola ameriken an rekòmanse monte mòn san li pa janm retounen desann nan nivo 5 goud pou 1 dola a ankò.
5. Bank Santral peyi a (BRH), vin oblije reziyen l chanje sistèm : li bay sistèm todchanj fiks la vag e adopte yon todchanj ki ka chanje poukont li parapò ak jan ekonomi an ap mache.
6. Kifè, todchanj lan lè sa, gwosomodo, vin rezilta kantite goud ki ap sikile nan peyi a parapò ak kantite dola ki ap sikile nan peyi a. Plis gen goud parapò ak dola, se plis goud la ap pèdi valè. Menm jan an tou, plis ta gen dola ki antre nan peyi a, se plis goud la t ap pran valè paske dola a pa t ap ra ankò. Gwosomodo, se konsa bagay la fonksyone. E ou ka gentan devine, plis nou vann pwodui nou yo aletranje, se plis kòb etranje ap antre nan peyi a e se plis goud nou an ap pran valè, men malerezman se pa konsa sa pase.

7. Bank Santral te eseye e kontinye eseye pou li wè si li te ka jwenn yon ekilib ant goud la ak dola nan peyi a, pou li wè si goud la te ka sispann degrengole. E pou sa li gen plizyè zouti li itilize : li konn aji dirèk dirèk sou mache todchanj lan, li konn eseye jwe sou to enterè Bank yo (pou li ka kontwole kantite goud ki ap sikile), li konn oblije bank yo sere yon minimòm kòb nan Bank Santral, epi tou li konn prete kòb nan men Bank yo atravè yon zouti ki rele « Bon BRH ».
8. Men malerezman, sanble zouti sa yo pa twò efikas. Si yo te efikas nou pa t ap nan sa nou ye jounen jodi a. An 1995, ou te bezwen 14,45 goud pou yon dola, an 2005 ou te bezwen 39,23 goud pou yon dola e an 2016 se pa pale! Sanble sa ki lakòz dola ameriken an ap vale teren an, fòk nou fouye pi fon pou nou ka konprann li paske rasin li sanble makonnen ak jan ekonomi nou an ap fonksyone.
9. Nan yon pwochen atik, sou baz yon memwa Antoine Dit Rigaud Fils Fragé te prezante an 2009 sou kesyon todchanj lan ki ap plede chanje a, yon memwa ki te itil nou anpil pou atik sa, nou pwomèt ou nou ap retounen sou kesyon kòz pwoblèm sa a e nou ap eseye idantifye kèk solisyon tou.
10. Klike sou sa pou nou ka al li memwa a sou entènèt.
11. Randevou kase. Pa bliye ou ka like paj Krekonomi an, abone ak blòg la, kòmante atik la, like atik la, tag zanmi ou anba li,oswa pataje li ak zanmi ou.

Kredi foto: Le Nouvelliste Haiti​; HG News Network​

vendredi 18 novembre 2016

TOUT JWÈT SE JWÈT MEN KÒCHÈT PA LADAN L



Pou anpil moun, jwèt vle di plezi, jwèt se kontrè sa ki serye. Pou anpil moun, jwèt se jwèt. Poutan, youn nan bèl branch ki genyen nan ekonomi an rele Teyori Jwèt, e gen anpil analiz serye ki soti ladan.

Sou ki bò yon gadyen ta dwe plonje si li vle kenbe pennalite yon atakan pral choute nan yon match foutbòl? Sou ki bò atakan an ta dwe choute pou li evite gadyen an kenbe pennalite li a? Sa ki enteresan nan sitiyasyon sa a, kontantman atakan an ap jwenn apre li fin fè yon chwa makònen ak chwa gadyen an ap fè a, menm jan an tou konsekans chwa gadyen an makònen ak desizyon jwè a. Sa se youn nan gwo karakteristik stil « jwèt » ekonomis yo rele jwèt yo, kote konsekans desizyon chak moun makònen ak desizyon lòt moun yo. Objektif ekonomis lan, fòk nou pa bliye, se toujou chèche desizyon ki ap bay plis satisfaksyon an pandan li ap evite gaspiyaj. Nan ka «  jwèt » choute pennalite a, ekonomis lan pral chèche pou li wè si pa gen yon desizyon ki ta ka bay plis satisfaksyon pou tout moun pase tout lòt desizyon yo. Nan yon jwèt, yon sitiyasyon ekilibre konsa, kote chak moun ki ladan li pap anvi fè wonn pòt oswa eseye okenn lòt desizyon, yo rele li yon « ekilib Nash ». Gen yon bèl fim ki fèt sou potorik gason yo rele Nash la nou envite ou gade. Pou pwoblèm pennalite a,nou pral pote 2 kalte solisyon. Premye solisyon an teyorik e li soti dwat nan yon ti analiz tou senp ki itilize kèk konsèp Teyori Jwèt la, nan ekonomi. Lòt solisyon an, ki se yon diplis Krekonomi pote pou tizè foutbòl yo, soti nan etid ki fèt, sou teren, ak chif toutbon oswa pennalite ki choute toutbon, e ki aprann nou anpil bagay sou sa jwè ki ap choute yo, gadyen yo, antrenè yo e menm ekip yo ka fè pou yo soti ak kè kontan apre yon penalite fin choute.

Pou nou senplifye pwoblèm nan, annou di gen 2 bò sèlman boul yo choute a ka ale : bò dwat gadyen an (D) osnon bò goch gadyen an (G). Annou di tou, depi gadyen an plonje nan bon bò a, li ap kenbe penalite a e depi li pa plonje nan bon bò a, boul la ap gòl. Nou ap sipoze ni atakan an ni gadyen an se moun ki gen lespri e yo chak konnen lòt la gen lespri tou. Ebyen si se konsa, gen 4 posiblite. Yon premye posiblite se si atakan an voye boul la agoch gadyen an e gadyen an plonje agoch, nou ap ekri li (G, G), kote premye G a se pou desizyon atakan an e dezyèm G ki nan parantèz la se pou desizyon gadyen an. 3 lòt posiblite ki rete yo se : (G, D), (D, G) ak (D, D). Lè boul la gòl, nou ap di atakan an make yon pwen (+1), lè li pa gòl nou ap di atakan an pèdi yon pwen, paske li pa kontan (-1). Menm jan an tou pou gadyen an, sofke li menm se lè li kenbe balon an kè li kontan (+1) e lè boul la gòl kè li pa kontan (-1). Li klè, pa gen youn nan 4 blòk desizyon nou sot site yo ki ap ka fè kè toulède moun yo kontan. Se oubyen atakan an kontan epi gadyen an pa kontan, lèkonsa nou ap ekri sa (+1, -1), e sitiyasyon sa a ou jwenn li nan 2 ka : (G, D), (D, G), sa vle di lè gadyen an plonje move bò a. Lòt sitiyasyon an se pou gadyen an kontan epi atakan an pa kontan, nou ap ekri li (-1, +1) e ou jwenn li nan 2 lòt ka yo : (G,G) ak (D,D), kote gadyen an plonje sou bò atakan an choute a. Pwoblèm ki poze kounye a, pa gen youn nan sitiyasyon yo ki pi bon pase tout lòt yo pou toulede moun yo alafwa. Toujou gen yon lòt sitiyasyon youn nan moun yo prefere anvan pennalite a choute, lè li sipoze lòt la ap choute nan yon bò (adwat oswa agoch). Kidonk, ta sanble pa gen yon ekilib Nash ki posib. Men an reyalite, gen youn!

Annou imajine atakan an ta konnen se titato gadyen an toujou fè pou li chwazi sou ki bò li ap plonje. Ekzanp, annou imajine gadyen an toujou gen yon senkant kòb nan pòch li e li toujou kouri fè tonton palmis pou li ka deside sou ki bò li ap plonje, e annou di atakan an konn sa. Si atakan an chwazi choute adwat, se tankou se yon bòlèt li jwe, paske gen 50% chans pou gadyen an plonje adwat e 50% chans pou li plonje agoch, piske se tonton palmis li te fè. Kidonk, nan 50% ka desizyon choute agoch la ap rapòte atakan an yon pwen (+1), si gadyen an ta plonje sou lòt bò a. E nan 50% ka, li ap fè li pèdi yon pwen (-1), si tonton palmis lan fè gadyen an plonje sou bò li choute a. Kidonk, total pwen atakan an ka ESPERE si li choute agoch se :
                                     
Menm lojik la kenbe si atakan an ta chwazi choute adwat, piske chans pou li genyen oswa pèdi a se 50-50 paske gadyen an se titato li fè. Kidonk kit li choute adwat kit li choute agoch se menm penpenp lan, depi li konnen desizyon gadyen an se yon bòlèt kote gen 50% chans sèlman pou li plonje adwat. Nan toulede ka yo, total pwen li ka espere a se 0.

Nou te ka fè menm lojik la pou gadyen an tou si fwa sa nou sipoze li konnen atakan an se sou baz yon aza 50-50, li choute pennalite li yo. Lè sa a kit li plonje adwat kit li plonje agoch, total pwen li ka espere a ap 0, paske gen  50% chans pou li pran gòl e 50% chans pou li kenbe pennalite a. Kounye a si ni atakan an ni gadyen an di yo ap chwazi choute oswa plonje sou baz yon aza kote gen 50% chans pou youn chwazi adwat e 50% chans pou lòt la chwazi adwat tou, ebyen yo toulede pap gen okenn enterè chanje desizyon 50 kòb yo voye anlè a di yo pou yo pran an, kit se agoch kit se adwat paske pa gen okenn lòt desizyon ki ap ka rapòte yo plis (nou te wè agoch kou adwat pèmèt yo espere menm kantite pwen an, ki se 0). Kifè, nou goumen nou goumen nou rive jwenn yon sitiyasyon ekilib si atakan an ak gadyen an ta deside mikse oswa melanje desizyon choute adwat la ak desizyon choute agoch la sou baz yon aza kote gen 50% chans pou se adwat e 50% chans pou se agoch. Nou ka rele ekilib sa a ekilib Nash nou tap chèche a! E sa ki enteresan an, teyori a di kèlkeswa jwèt la, depi ou chèche ou ap ka toujou jwenn menm yon grenn ekilib Nash pou piti, menm si sa ta mande pou mikse desizyon yo sou baz aza, jan nou sot fè a.

Rezime : Prensip lan se rete enprevizib. Pi bon solisyon atakan an ak gadyen an ka pran e ki ap pèmèt yo pran mwens desepsyon se si yo toulede fè titato pou yo konnen si se adwat oswa agoch yo ap choute. E fòk nan titato yo ap fè a, gen 50% chans pou se agoch oswa adwat ki pase! 

Sa rive ou deja pou ou choute yon pennalite? Pou ou gadyen? Èske se sou baz aza ou konn deside? Oswa, èske ou gen lòt taktik ou konn itilize pou ou ka fè pi bon chwa a? Kisa eksperyans montre sou koze pennalite sa a? Se sa nou pral gade la (sa nou pral di yo baze sou yon bèl atik nou jwenn sou nèt la)

 Li klè, pa gen anpil jwè oswa gadyen ki baze sèlman sou aza pou yo chwazi sou ki bò yo ap choute. E li klè tou, ekzanp nou te pran an twò senp, paske se pa sèl agoch oswa adwat ki genyen : boul la ka ale dwat nan kan, nan mitan kan an, anlè, elatriye. Gen lòt detay tou ki konn jwe, tankou lè gadyen an eseye enfliyanse jwè a. Menmsi teyori nou sot prezante sou ekilib Nash la toujou kenbe, li bon pou nou gade kisa eksperyans ki fèt revele toutbon sou koze pennalite sa a, ki strateji jwè yo konn itilize e èske yo bay rezilta. Men yon lis taktik nou pote pou ou ki konn bay rezilta, dapre rechèch ki fèt.

Bò kote pa jwè a
1) Gen 70% rive nan 85% chans pou jwè a fè gòl lè li choute yon pennalite. Kidonk, jan yo renmen di a, sanble se move choutè ki genyen, pa gen bon gadyen.

2) Si nou separe kan an an 9 zòn tankou nan tablo ki vin apre a (ki reprezante kan an), rechèch ki fèt montre montre zòn jwè yo konn vize ki bay mwens rezilta a se atè adwat ak atè agoch. Zòn ki bay plis rezilta a lè jwè yo vize li, se tout zòn anwo a. Epi, choute nan mitan, nan 87% ka yo etidye yo, toujou pèmèt jwè a fè gòl.
Anwo adwat
Anwo nan mitan
Anwo agoch
Mitan adwat
Nan mitan
Mitan agoch
Atè adwat
Atè nan mitan
Atè adwat

3) Atakan an ka swa deside alavans men sou ki bò li pral choute oswa pran desizyon nan moman pye li pral frape boul la apre li fin suiv sou ki bò gadyen an plonje. Chak gen avantaj yo ak dezavantaj yo : ekzanp, tann dènye lè a pou ou chwazi bò ou ap choute a ka pèmèt ou bati gadyen se vre, men ou gen plis chans tou pou chout ou a manke presizyon e pou ou rate gòl la menm si gadyen an bati. Rechèch ki fèt montre an jeneral teknik dènye lè a bay rezilta si gadyen an gentan plonje pou pi piti 0.3 segonn avan jwè a choute, si se pa sa jwè a ka pa gen tan pou li pran desizyon li a e pou li byen klase balon an.

Bò kote pa gadyen an
1) Pou gwo jwè yo, gadyen an ka etidye alavans abitid jwè sa yo nan choute pennalite pou yo ka konnen sou ki bò yo pi renmen choute. Dapre ou menm, ki bò Lionel Messi pi pito? Men fòk nou di, nan seyans tiwobi yo, pafwa gadyen an oblije toke kòn ak yon bann jwè ki pa sipèsta. Dapre rechèch ki fèt, gen yon seri detay gadyen yo ka itilize lèkonsa pou prevwa sou ki bò jwè a gen plis chans choute. Si nan moman jwè a pral choute a jwè a panche senti li, gen anpil chans pou li choute sou bò li pi alèz la : si se yon goche, gen anpil chans pou li choute sou bò dwat gadyen an (sa vle di sou bò goch jwè a). Si senti li pa panche nan moman li pral choute a, gen anpil chans pou li kwaze chout la : ekzanp, si li se yon goche, gen chans pou li choute sou bò goch gadyen an (sa vle di sou bò dwat jwè a). Si lestomak li yon ti jan kage sou do, gen chans pou se anlè li choute, si li pa kage ditou gen chans pou li choute atè. Gadyen an ka gade tou byen rapid nan ki direksyon pwent pye jwè a apiye sou li a bay : gen anpil chans pou se nan direksyon sa a jwè a choute.

2) Rechèch montre si gadyen an fè yon ti avanse sou kote tou piti olye li rete nan mitan kan an, sa ka enfliyanse jwè a pou li choute sou bò ki pi lib la (gen omwen 10% chans anplis pou sa fèt lè konsa).

3) Lakay foutbolè amatè yo, eksperyans montre lè gadyen an tonbe fè makak oswa pede bouje kò li nan kan an, sa ka dekonsantre jwè a e ogmante chans pou li kenbe pennalite a.

Bò kote pa ekip la
Ekip ki plis afiche kè kontan yo lè yon jwè yo fè gòl nan tiwobi, souvan sa sanble bay jwè yo plis konfyans nan tèt yo paske pi souvan se ekip sa yo ki genyen nan tiwobi, dapre yon rechèch ki analize 30 seyans tiwobi.

Bò kote pa antrenè a
1) Antrenè yo gen tandans fè 2 pi bon jwè yo choute an premye ak an dènye nan seyans tiwobi yo, dapre sa chèchè yo obsève. Poutan, dapre yon modèl matematik kèk chèchè devlope, sanble fason ki pi efikas pou antrenè a ta fè sa se fè pi move jwè yo choute an premye e fè pi bon jwè yo choute an dènye!

2) Menm chèchè sa yo pwopoze pou antrenè yo, lè yo sispèk match la ka rive nan tiwobi, si yo gen yon gadyen ki pi fò nan kenbe pennalite men ki ap bwè ban, pito yo fè li monte teren an nan plas gadyen ki ap jwe a! Men, se pa anpil antrenè ki ap pran yon chans konsa!

Li klè jwèt foutbòl la pafwa plis sanble yon syans pase yon jwèt. An reyalite, nou ta ka di sa pou pifò jwèt, tout bagay la se ak ki je ou ap gade jwèt sa yo. Men nou pap bliye pwovèb la, jwe ak lespri, met may ou deyò pou ou genyen pa vle di menm bagay ak fè koken pou ou ka genyen. Tankou pwovèb la di, tout jwèt se jwèt, kòchèt pa ladan l…Gen limit pou nou pa depase. Apre sa, sa nou swete se pou seleksyon Ayiti a menyè itilize ti prensip sa yo pou amelyore efikasite li. Lè sa petèt nou va gen plis rezon pou nou chante Grenadye Alaso!


Mèsi pou atansyon ou. Atik la te long, men nou espere ou pa regrèt lekti ou a. Pa bliye like paj Krekonomi an, bay reyaksyon ou sou atik sa a, epi pataje li ak zanmi ou sa ka enterese. Randevou kase!



dimanche 13 novembre 2016

Vòt stratejik se "tete grann"




Kisa ki vòt stratejik la? Ki lojik ki kache dèyè li? Ki pwoblèm li poze? Eske li bay rezilta?
Gade ti videyo sa.


YO PA KONN ACHTE CHAT NAN SAK


ENFOMASYON MIWOMIBA

Pwovèb kreyòl sa a montre tout pwoblèm sa ka poze lè yon moun ap vann ou yon bagay epi ou pa ka verifye si sa li ap vann ou an bon. Epoutan, moun nan konn vle vann ou bagay la e pafwa sa li ap vann nan ka byen bon. Pwoblèm nan se paske anpil fwa se sèl li ki konnen sa ki anndan sak la, sa vle di li gen yon enfòmasyon ou pa genyen alòske enfòmasyon an enterese ou. Ekzanp, si ou pa konnen anyen nan mekanik epi machin ou pran pàn, lè mekanisyen an di ou se yon gwo pàn machin nan genyen se sèl li ki konnen si se sou plan li ap pran ou oswa si se laverite. Kalite sitiyasyon sa yo, lè yo parèt, kote gen yon « enfòmasyon miwomiba » ant 2 moun ki ap fè yon tranzaksyon, kapab kokobe yon mache nan pwen pou pèsonn pa kapab achte epi pèsonn pa kapab vann epoutan genyen moun ki bezwen achte epi genyen moun ki bezwen vann. Nan lang Franse, fenomèn enfòmasyon ak fòs kote sa a, yo rele li « asymétrie d’information », li enterese ekonomis yo anpil. Nou pral wè poukisa, epi ki solisyon yo jwenn ak pwoblèm sila a.

Se avanyè la, depi lane 1970, gras ak travay yon ekonomis yo rele George Akerlof (nan lane 2001 yo ba li yon pri Nobèl poutèt sa), ekonomis yo resi byen konprann jis nan ki pwen pwoblèm enfòmasyon miwomiba a se yon pwoblèm grav ki kapab menm kokobe yon ekonomi oswa yon mache. Ekzanp misye te pran an senp : li eseye gade sa ki ap pase sou mache kote yo ap vann machin dezyèm men yo. Pou li senplifye travay la, li di gen 2 kalte machin dezyèm men ki ap vann : bon machin ak move machin. Bon machin yo nou ap rele yo « bijou », paske tout moun ki ap chèche machin dezyèm men ta renmen tonbe sou yo. Move machin yo nou ap rele yo « manje ranje » paske, menm si yo parèt anfòm, anreyalite se bogota ki san valè yo ye. Annou di mwatye nan machin dezyèm men yo se « bijou », lòt mwatye a se « manje ranje » epi annou konsantre nou sou yon sèl mak machin. Moun ki ap vann bijou yo gen yon pri minimòm yo pare pou yo vann li, annou di 4 000 dola (Ameriken). Moun ki ap achte yo gen yon pri maksimòm yo pare pou yo peye e ki depase 4 000 dola (si li te pi ba, tranzaksyon an pa tap posib), annou di 5 000 dola. Kounye a, annou di tou se sèl moun ki ap vann nan ki konnen si se yon bijou li gen nan men li oswa si se yon « manje ranje » li ap ofri. 


MACHIN BON ZENZENN FAS AK MACHIN BOGOTA

Mwen menm ki pa konnen, kòm gen 50% chans pou sa mwen ap achte a se yon bijou e 50% chans pou li se yon bogota, nan 5 000 dola mwen te dispoze bay la, mwen ka deside se 50% sèlman mwen ap bay ladan li sa vle di 2 500 dola, e si machann nan se 4 000 dola li te di mwen se sèlman 50% nan kòb li di a mwen ap pare pou mwen bay, sa vle di 2 000 dola. Kidonk, si mwen di mwen ap bay yon pri ki ant 2 000 dola ak 2 500 dola, mwen pa mechan pou sa epi machann nan ta dwe dakò avèk mwen. Pwoblèm nan, se paske machann ki ap vann « manje ranje » a, si se sou li mwen tonbe, ap kouri aksepte vann li nan pri sa a (piske « manje ranje » yo san valè) men machann ki gen « bijou » a ap twouve se frekansite e li ap refize vann mwen « bijou » li a nan ti pri sa a. Konsekans : tout moun ki genyen bon machin yo (« bijou » yo) ap pito kenbe machin yo nan men yo pase pou yo vann li yon bouda monnen e se sèl moun ki gen bogota yo ki ap rete sou mache a. Pwoblèm nan kounye a se paske moun ki ap achte yo gentan konnen okenn moun ki gen yon bon machin pap vin vann li sou mache a, kifè yo ap bese pri a pi ba toujou jiskake mache a kraze nèt oswa sèl machin ki rive vann yo se pou yon ti retay monnen yo vann yo.

Ekzanp teyorik sa montre jis nan ki pwen pwoblèm enfòmasyon ki gen fòs kote sa a ka grav : gen moun ki vle achte, gen moun ki vle vann men alafen anyen pa ka vann. 

Tout moun konnen jan li difisil pou jwenn yon bon machin dezyèm men paske li fasil pou pran nan bouden. E sa bay kè sote paske gen anpil sitiyasyon kote moun ou ap achte nan men li an genyen enfòmasyon enpòtan oumenm ou pa genyen.  Ekzanp : si sa ou ap achte pou ou manje yo fèt nan bon kondisyon; si bank ki ap resevwa lajan ou a ou ka fè li konfyans; si mekanisyen an pap ba ou manti; si doktè a pa di ou ou bezwen fè sezaryèn san rezon pou li ka fè yon kòb sou ou; si operasyon doktè a di ou fè a ou bezwen fè li vre; elatriye. Èske w ka site kèk lòt sitiyasyon kote enfòmasyon an gen fòs kote? 


Men tout moun konnen tou, malgre pwoblèm sa a nou sot pale a, anreyalite moun yo jwenn yon fason pou yo fonksyone kanmèm. Dayè, yo genyen enterè jwenn yon solisyon. Pou nou jwenn solisyon pwoblèm sa a, gen 2 fason nou ka pwoche li. Nou ka chèche konnen kisa moun ki gen plis enfòmasyon an ka fè pou l pataje enfòmasyon li genyen an (1) oswa nou ka chèche konnen kisa moun ki gen mwens enfòmasyon an ka fè pou li fòse moun ki gen plis enfòmasyon an pataje enfòmasyon li genyen anplis la avè li (2). Premye apwòch la, se li yon ekonomis Pri Nobèl ki rele Michael Spence te chwazi, lòt la se li ekonomis Pri Nobèl Joseph Stiglitz te pito analize.

FÈ BAGAY ZÒT PAP KA IMITE

Kòman yon moun ka fè pou li konvenk yon lòt sa li ap vann li an se bagay kalite, bon zenzenn, lè machann nan genyen enfòmasyon lòt moun nan pa genyen? Pou Spence, li pa sifi pou machann nan annik di moun nan: “sa mwen ap vann ou an bon wi”, paske moun ki ap vann nan fo mamit la ka di menm bagay la tou. Ou pap konnen kiyès pou ou kwè. Sèl fason ou ka kwè moun nan lè li ba ou yon enfòmasyon sou kalite pwodui ou vle achte a, se si siyal li voye ba ou a, pou li di ou sa a se sèl li ka voye li ba ou : fòk moun ki ap vann nan fo mamit la (tankou machann « manje ranje » yo) pa ka voye menm siyal sa a. Se poutèt sa bank yo gwo konsa! Se poutèt sa tou sanble gwo konpayi yo depanse tout milyon sa yo nan kontinye fè piblisite, ki pafwa pa menm gen sans men ki koute chè! Se poutèt sa tou li ka itil, si pa ekzanp ou se kontab, pou ou gen yon dezyèm diplòm ki difisil, pou lafòm, menmsi diplòm sa a pa genyen travay pou li epi menmsi li pa genyen rapò ak premye diplòm ou an (tankou, Spence te pran ekzanp diplòm nan « filozofi »), paske sa ka pèmèt ou jwenn yon djòb kontab sou yon moun ki pa genyen diplòm filozofi a. 

Vrèmanvre, patwon an ki ap li Curriculum Vitae ou a, pa konnen si ou pa yon blofè oswa yon parese (sa pa make sou figi ou), men si ou gen kouraj pou ou te al fè yon lòt etid tout moun konnen ki difisil (tankou « filozofi »), ebyen sa voye yon siyal ki di ou ka yon bon anplwaye. Menm jan an tou, yon bank ki gen pwojè vòlè lajan kliyan li yo pa gen okenn enterè envesti nan yon gwo batiman piske li konnen nenpòt lè li ka bezwen lage cha a (tout moun konnen istwa ti bank bòlèt ki konn la jodi yo epi ki disparèt demen lè ou vin chèche kòb ou apre ou fin fè yon de kabès; tout moun konnen tou istwa fo koperativ ki te sove ak lajan malere yo). Se konsa tou, lè Babankou peye yon atis byen chè pou li fè yon reklam pou li, se yon fason pou li voye siyal pou li di nou ka fè li konfyans paske yon konpayi wonm tèt chat pa tap kraze kò li fè pil depans sa yo. Kidonk, dapre Spence, moun ki gen plis enfòmasyon an ap voye yon siyal konvenkan sou kalite pwodui li ap ofri a, akondisyon dasomann yo paka fè menm bagay la (pa ekzanp, paske sa koute twò chè). Gen yon bann lòt solisyon nan kategori sa a nou ka imajine : devlope yon mak pou yon konpayi, ofri kliyan an yon garanti sou pwodui yo, elatriye…

BAT VANT MOUN NAN

Lòt solisyon ki ekziste ak pwoblèm enfòmasyon ki gen fòs kote a, se sa Stiglitz imajine a : fòse moun ki gen plis enfòmasyon an di ou sa li konnen an, san li pa sispèk, SAN LI PA MENM RANN LI KONT (misye rele teknik sa "screening", nan lang Anglè). Nou pap rete twòp sou solisyon sa a paske nou ap gen pou nou retounen sou li, lè nou ap gen pou nou pale sou kesyon asirans yo. Men nou ka gentan remake moun ki ap vann zannana pou sizàn nan, moun ki konnen sa li ap ofri a pa bon an pap toujou genyen menm konpòtman ak moun ki ap vann bon bagay la : pa ekzanp, moun ki ap vann bogota a ka pi fasil aksepte yon move pri (e konsa li tou di ou se yon bogota li ap vann); moun ki vin chèche djòb e ki parese a ap mwens anvi pran risk parapò ak moun ki serye a (li gendwa pa dakò ou peye li sou baz kantite nouvo kliyan li fè konpayi a jwenn pa ekzanp, li ap pito ou ba li yon kòb fiks chak mwa paske li gentan konnen li pral fè parese). Si nou ta pran site ekzanp, nou pa tap janm kanpe.

CHAK MOUN GEN RESÈT PA LI

Kit se solisyon Spence lan, kit se solisyon Stiglitz la, pa gen youn ki se yon solisyon mirak. Men yo ka ede nou konprann pi byen jan ekonomi an (mal) fonksyone epi kòman nou ka evite pran nan fo mamit. Gen lòt solisyon toujou, pa ekzanp: achte nan men moun ou konnen; mande zanmi ou oswa fanmi ou konsèy avan ou achte; chèche konnen kòmantè lòt moun fè sou machann sa a oswa sou pwodui sa a avan ou achte (nan sans sa, Facebook kòmanse itil anpil ak kòmantè yo). Si ou reflechi byen, ou ap wè plen sitiyasyon nan lavi ou ap mennen chak jou kote prensip sa yo ka itil. Paske deyò a pyeje, plen matomann, dasomann ak chalatan. Nou ap kite ou ak kesyon sa a: Èske sa rive ou deja pou yo ba ou zannana pou sizàn; epi ki teknik ou konn itilize pou sa pa rive ou?

KÈK PWOVÈB

Kòm bonis, men yon lis kèk lòt pwovèb kreyòl ki plizoumwen gen rapò ak pwoblèm enfòmasyon ki gen fòs kote a e ki ka enspire nou: 
1) Fòk de klòch sonnen pou konn verite a 2) Sa ou pa konnen pi gran pase ou 3) Se kouto sèlman ki konnen sa ki nan kè yanm 4) Se soulye ki konnen si chosèt gen twou 5) Tande ak wè se de 6) Zafè kabrit pa zafè mouton 7) Se mèt kò ki veye kò.

KÈK REFERANS :


Akerlof, G. (1995). The market for “lemons”: Quality uncertainty and the market mechanism. In Essential Readings in Economics (pp. 175-188). Macmillan Education UK.

Harford, T. (2016). L'économie est un jeu d'enfant. Presses Universitaires de France.

Spence, M. (1973). Job market signaling. The quarterly journal of Economics, 355-374.

Stiglitz, J. E. (1975). The theory of" screening," education, and the distribution of income. The American Economic Review, 65(3), 283-300.

Ekonomi lang

Koute fichye sa sou Soundcloud: Fèt kreyòl: kidi lang di ekonomi

4 ERÈ POU OU PA FÈ LÈ OU AP PRAN LAJAN KREDI

1) Kouri panse to enterè yo di ou a se li ki to toutbon an

Youn nan bagay ki pi enpòtan pou ou menm ki ap resevwa lajan an se to enterè a, paske se li ki ap di ou konbyen lajan ou prete a ap koute ou. Menm jan lè ou achte yon bagay nan magazen li gen yon pri, konsa tou nou ta kapab di to enterè a se pri chak blòk 100 pyas ki nan manman lajan ou prete a. Men fòk nou fè atansyon, reyalite a pi konplike lontan e li fasil pou ou pran nan kout mato. Pou nou kòmanse, annou di gen yon to yo rele “to efektif”. Nou menm nou ka rele li “to toutbon” an. Se li ki sanse vrè pri lajan ou prete a. Li di ou, soti nan lè ou prete manman lajan an jiskaske ou fin remèt li nèt, men konbyen kòb enterè ou ap peye ototal sou chak 100 pyas. Pwoblèm nan kounye a se paske pifò bank, enstitisyon oswa moun ki ap prete lajan, se pa to toutbon an yo di moun. Yo souvan ba ou yon to ki pi piti, alòske to toutbon an ka fè nenpòt plizyè fwa li. Kidonk moun nan panse li ap remèt yon tikras kòb anplis sou chak 100 pyas epoutan li ap remèt plis kòb lontan disi pou lajan an fin remèt. Nou ka konprann poukisa pifò bank derefize di kliyan yo to efektif la! E leta pa fè anyen pou sa chanje! Lòt to yo bay pi souvan an yo rele li « to nominal ». To nominal la jis di ou sou ennan oswa 6 mwa, 3 mwa, 1 mwa, elatriye, konbyen kòb ou ap gen pou ou bay anplis sou chak 100 goud ou prete.

2) Bliye mande si to enterè a se yon to lineyè oswa yon to degresif

Gen 2 gwo fason yo kalkile to nominal la. Gen:
1) metòd lineyè a (yo rele li metòd “flat” tou, sa vle di li ale dwat)
2) metòd degresif la (degresif vle di yon bagay ki ap desann ofiramezi).
Nan metòd lineyè a, chak fwa ou peye enterè yo manman lajan an rete la, li pa bese, kit ou peye mòso nan manman lajan an kit ou pa peye mòso. Kidonk enterè a se toujou parapò ak manman lajan an yo fè ou peye li jiskaske ou fin remèt tout manman lajan an, e ou toujou peye menm kòb la chak fwa jiskaske ou fin remèt. Li gen avantaj li, ekzanp, lè ou ap prete moun ki pa maton nan fè gwo kalkil lajan (tankou, gen moun ki pat gen chans rive lwen lekòl), li konn pi senp pou moun nan annik konnen li gen yon sèl kòb li ap peye chak lè. Kanta pou metòd degresif la, chak fwa ou peye yon pati nan manman lajan an, pwochen enterè yo ap fè ou peye a se parapò ak rès manman lajan an, sa ou poko remèt la. Nou ka konprann rapid rapid ak metòd degresif la, chak fwa, ofiramezi, ou ap gen mwens enterè pou ou peye paske yo kalkile enterè ou ap peye yo parapò ak sa ki rete pou ou peye nan manman lajan an. Anjeneral, ak yon to degresif ou ka peye nenpòt mwatye enterè ou t ap peye ak to lineyè a, menmsi to yo ta parèt egal. Se sa ki fè li enpòtan anpil pou ou konn ak ki to ou annafè.

3) Kouri panse lajan yo prete ou a se li ki manman lajan an

Souvan, bank yo ak lòt enstitisyon yo ajoute yon frè dosye sou kòb yo prete ou a. Lè konsa veritab manman lajan an se kòb ou konnen ou prete a PLIS frè dosye yo. E se parapò avèk li yo fè ou peye enterè a. Lòt fason yo ka fè sa tou, olye yo ajoute frè dosye a sou kòb yo di yo prete ou a, yo annik retire li ladan pito. Ekzanp, yo di ou se 40 000 goud yo prete ou, men anreyalite gendwa se 39 000 goud yo lonje ba ou paske yo gendwa tou retire yon 1000 goud pou frè dosye (chif sa yo pa bon chif, se ekzanp yo ye). Sa yo pa vrèman pwoblèm, men li bon pou ou konnen sa epi konnen konbyen frè dosye a ye avan ou siyen kontra, paske yo pa konn achte chat nan sak.

4) Bliye si bagay yo toujou koute plis pase sa nou panse yo koute a

Menm to toutbon an (to efektif la) pa ka di ou tout depans ou fè toutbon akoz lajan sa ou prete a. Gen 2 bagay anpil moun toujou bliye ki anpeche yo konnen konbyen lajan yo prete a koute yo toutbonvre: kou tranzaksyon ak kou opòtinite. Kisa yo ye? Enben se pa yon bon maten moun nan leve li jwenn lajan an prete, sitou si se nan men labank li prete l. Sa ka rive moun nan fè yon bann ti depans sou kote, anvan li resi jwenn lajan an prete, tankou: peye taptap pou li al labank lan, enprime papye oswa fè fotokopi. Men se pa sèl lajan li depanse ki depans, fòk nou konte tou tout tan li pèdi nan monte desann, fè rechèch, mande zanmi li konsèy, negosye, elatriye. Tout depans sou kote sa yo, keseswa nan tan oswa nan lajan moun nan depanse pou li rive fè afè a (tranzaksyon an), yo rele yo kou tranzaksyon. Men fòk nou pa bliye tou, sa yo rele kou opòtinite lajan ou prete a.
Kou opòtinite kredi ou pran an kapab to enterè pi bon zafè ou te ka jwenn nan men yon lòt moun oswa nan men yon lòt bank. Si tout bagay t ap mache byen, to enterè a te dwe tou egal ak kou opòtinite kredi a e ou t ap jwenn menm to enterè a toupatou, kèlkeswa kote ou pase. Malerezman sa konn rive ou panse ou fè yon bon afè epi te gen yon lòt afè ki te bon pase li. Nou ap gen pou nou tounen sou koze kou opòtinite sa a nan yon lòt atik. Kidonk randevou kase.
Annatandan, pa bliye like atik la ak paj Krekonomi an ki pote l pou ou epi pataje ti prensip sa yo ak lòt moun ou konnen sa ka itil. Kredi ka kokobe biznis ou, konsa tou li ka voye li monte byen wo. Lesansyèl se kale je ou epi fè bon zafè.