samedi 25 février 2017

AYITI: GWO TWOU KI SEPARE MOUN RICH AK MOUN PÒV LA


Kòman gato a separe nan ekonomi an? Èske gen yon ti gwoup moun ki jwenn tout richès la alòske yon lòt gwoup prèske pa ka souse menm yon mant? Kòman nou ka mezire epi konpare inegalite ekonomik ki genyen anndan sosyete yo? Youn nan mezi ekonomis yo konn itilize pou sa se Endis Gini an (pwononse l tankou DJINI). Li senp. Li soti nan zewo pou rive nan 100. 100 se ka ki pi grav la : sa vle di yon sèl grenn moun fè dappiyanp sou tout richès peyi a. 0 se ka tout peyi ap reve a : kote N % moun ki pi pòv nan tout popilasyon an jwenn N % nan richès peyi a, sa vle di pataj richès la fèt egalego. Tankou, si Endis la ta 0, ou ap jwenn 90% popilasyon an posede 90% richès yo, sa ki yon bon bagay nèt. An jeneral, Endis Gini an pa ni 100 ni 0. Li pi pre 100 pou peyi ki gen anpil inegalite yo, e li pi pre 0 pou peyi ki gen mwens inegalite yo, men soti nan yon ane rive nan yon lòt Endis sa konn chanje dapre fason peyi yo ap evolye. Nan anpil peyi, e pafwa menm nan peyi ki devlope (tankou Etazini oswa Lafrans), se vre Endis lan ba, men li gen tandans ogmante tank ane yo ap pase, sa vle di moun rich yo ap pran plis distans parapò ak moun ki mwens rich yo nan kantite lajan yo fè. Kòman sitiyasyon an ye Ayiti?

Move nouvèl. Nonsèlman Ayiti pami 25 peyi ki pi pòv nan mond lan, menmsi gen nenpòt 20 peyi nan 25 lan ki pi pòv pase li, men li nan 5 peyi kote gato a pi mal separe nan mond lan, sa vle di pòv Ayiti yo pòv anpil parapò ak ti gwoup tou zuit moun ki rich yo. Kifè, Ayiti gen plis inegalite ekonomik pase anpil peyi ki poutan pi pòv pase li! Sou baz chif ki pi resan nou jwenn pou Endis Gini an sou sit Bank Mondyal la, sèl 2 peyi ki sanble gen plis inegalite pase Ayiti: Afrique du Sud ak Namibie. Poutan dapre yon klasman ki te pi ansyen, Ayiti te jis setyèm sa gen kèk tan. Gen 2 bagay ki pase : anpil nan peyi ki te gen inegalite kite tèt lis la bay Ayiti paske yo vin gen mwens inegalite anmezi ane yo ap pase (tankou Sierra Leone, Lesotho ak Centrafique). Anmenmtan tou, inegalite yo pa sispann ogmante Ayiti : Endis Gini an soti nan nivo 59.5 an 2001 pou li rive 60.8 an 2012.
"Diner en blanc", 16 novanm 2014, le Montcel, Ayiti
Kredi:Corentin Fohlen

Peyi pòv pa oblije vle di gen gwo inegalite ant moun rich ak moun pòv. Plen peyi ki pòv ki gen nivo inegalite ki pwòch oswa pi ba pase nivo inegalite nan anpil gwo peyi devlope. Yon ekzanp ki enteresan, an 2006, Burundi, yon peyi ki pi pòv lontan pase Ayiti, te gen yon Endis Gini ki pi piti pase endis Gini Etazini an, sa vle Etazini te gen pi gwo distans ant rich ak pòv, gato a te pi mal separe Etazini. Sa pa vle di pòv Burundi yo gen plis kòb oswa ap viv pi byen pase pòv Etazini yo, sa gendwa jis vle di, pou ane sa a, gen mwens distans ant moun rich ak moun pòv Burundi pase distans ki gen ant yo nan peyi Etazini.
Kifè sitiyasyon an grav anpil Ayiti lè nou gade Endis Gini li an. Pou nou rezime: 1) Peyi a pami 25 peyi ki pi pòv nan mond lan men gen nenpòt 20 peyi ki pi pòv pase li 2) Nan zafè inegalite oswa nan zafè pataj gato a ant moun rich ak moun pòv, peyi a pami 5 peyi ki gen plis inegalite nan mond lan 3) Nivo inegalite a kontinye ogmante soti nan yon ane pou rive nan yon lòt. Ti ponyen moun ki te gentan pi rich Ayiti a ap vin pi rich toujou parapò ak sila yo ki te deja prèske pa posede anyen yo. E chak ane bagay la ap vin pi rèd. Tout konsta sa yo ka rezime nan yon sèl fraz: Gen 2 Ayiti. Ayiti pa sila ki pi pòv la ak Ayiti pa sila ki pi rich yo, epi gen yon gwo twou nan mitan yo, e sou bouch twou a gen kèk moun nan yon swadizan klas mwayèn ki ap eseye janbe twou a. Dapre ONU, an  2009, 10% moun ki pi rich nan popilasyon an te posede 54 fwa lavalè sa 10% moun ki pi pòv yo te posede. Sa grav anpil, sa vle di fòk ou ta rasanble 54 fwa sa 1 milyon moun ki pi pòv nan peyi a posede pou ou rive nan nivo kantite kòb 1 milyon moun ki pi rich nan peyi a posede!


Pa bliye nou te di dapre chif nou jwenn pou endis Gini an, se 2 peyi sèlman ki pi mal pase Ayiti nan zafè inegalite aktyèlman. Endis Gini Namibie sanble ap desann anmezi ane yo ap pase, sa vle di ap gen mwens inegalite, yon jou li ka vin gen mwens pase Ayiti si sitiyasyon Ayiti a pa amelyore. Se sèl Afrique du Sud ki gen yon nivo inegalite ki ap pike monte, tankou pa Ayiti a, men nou pa lwen li nonplis. Kidonk, si janmè Afrique du Sud ta ralanti e nou menm nou ta kontinye sou menm vitès la, li pa enposib pou yon jou nou vin peyi kote a gato a pi mal separe nan mond lan, yon peyi kote yon ti gwoup moun sèlman pote lamayòl la pandan pifò moun ladan ap benyen chen ak yon bouda monnen…

Aucun commentaire:

Publier un commentaire