dimanche 13 novembre 2016

4 ERÈ POU OU PA FÈ LÈ OU AP PRAN LAJAN KREDI

1) Kouri panse to enterè yo di ou a se li ki to toutbon an

Youn nan bagay ki pi enpòtan pou ou menm ki ap resevwa lajan an se to enterè a, paske se li ki ap di ou konbyen lajan ou prete a ap koute ou. Menm jan lè ou achte yon bagay nan magazen li gen yon pri, konsa tou nou ta kapab di to enterè a se pri chak blòk 100 pyas ki nan manman lajan ou prete a. Men fòk nou fè atansyon, reyalite a pi konplike lontan e li fasil pou ou pran nan kout mato. Pou nou kòmanse, annou di gen yon to yo rele “to efektif”. Nou menm nou ka rele li “to toutbon” an. Se li ki sanse vrè pri lajan ou prete a. Li di ou, soti nan lè ou prete manman lajan an jiskaske ou fin remèt li nèt, men konbyen kòb enterè ou ap peye ototal sou chak 100 pyas. Pwoblèm nan kounye a se paske pifò bank, enstitisyon oswa moun ki ap prete lajan, se pa to toutbon an yo di moun. Yo souvan ba ou yon to ki pi piti, alòske to toutbon an ka fè nenpòt plizyè fwa li. Kidonk moun nan panse li ap remèt yon tikras kòb anplis sou chak 100 pyas epoutan li ap remèt plis kòb lontan disi pou lajan an fin remèt. Nou ka konprann poukisa pifò bank derefize di kliyan yo to efektif la! E leta pa fè anyen pou sa chanje! Lòt to yo bay pi souvan an yo rele li « to nominal ». To nominal la jis di ou sou ennan oswa 6 mwa, 3 mwa, 1 mwa, elatriye, konbyen kòb ou ap gen pou ou bay anplis sou chak 100 goud ou prete.

2) Bliye mande si to enterè a se yon to lineyè oswa yon to degresif

Gen 2 gwo fason yo kalkile to nominal la. Gen:
1) metòd lineyè a (yo rele li metòd “flat” tou, sa vle di li ale dwat)
2) metòd degresif la (degresif vle di yon bagay ki ap desann ofiramezi).
Nan metòd lineyè a, chak fwa ou peye enterè yo manman lajan an rete la, li pa bese, kit ou peye mòso nan manman lajan an kit ou pa peye mòso. Kidonk enterè a se toujou parapò ak manman lajan an yo fè ou peye li jiskaske ou fin remèt tout manman lajan an, e ou toujou peye menm kòb la chak fwa jiskaske ou fin remèt. Li gen avantaj li, ekzanp, lè ou ap prete moun ki pa maton nan fè gwo kalkil lajan (tankou, gen moun ki pat gen chans rive lwen lekòl), li konn pi senp pou moun nan annik konnen li gen yon sèl kòb li ap peye chak lè. Kanta pou metòd degresif la, chak fwa ou peye yon pati nan manman lajan an, pwochen enterè yo ap fè ou peye a se parapò ak rès manman lajan an, sa ou poko remèt la. Nou ka konprann rapid rapid ak metòd degresif la, chak fwa, ofiramezi, ou ap gen mwens enterè pou ou peye paske yo kalkile enterè ou ap peye yo parapò ak sa ki rete pou ou peye nan manman lajan an. Anjeneral, ak yon to degresif ou ka peye nenpòt mwatye enterè ou t ap peye ak to lineyè a, menmsi to yo ta parèt egal. Se sa ki fè li enpòtan anpil pou ou konn ak ki to ou annafè.

3) Kouri panse lajan yo prete ou a se li ki manman lajan an

Souvan, bank yo ak lòt enstitisyon yo ajoute yon frè dosye sou kòb yo prete ou a. Lè konsa veritab manman lajan an se kòb ou konnen ou prete a PLIS frè dosye yo. E se parapò avèk li yo fè ou peye enterè a. Lòt fason yo ka fè sa tou, olye yo ajoute frè dosye a sou kòb yo di yo prete ou a, yo annik retire li ladan pito. Ekzanp, yo di ou se 40 000 goud yo prete ou, men anreyalite gendwa se 39 000 goud yo lonje ba ou paske yo gendwa tou retire yon 1000 goud pou frè dosye (chif sa yo pa bon chif, se ekzanp yo ye). Sa yo pa vrèman pwoblèm, men li bon pou ou konnen sa epi konnen konbyen frè dosye a ye avan ou siyen kontra, paske yo pa konn achte chat nan sak.

4) Bliye si bagay yo toujou koute plis pase sa nou panse yo koute a

Menm to toutbon an (to efektif la) pa ka di ou tout depans ou fè toutbon akoz lajan sa ou prete a. Gen 2 bagay anpil moun toujou bliye ki anpeche yo konnen konbyen lajan yo prete a koute yo toutbonvre: kou tranzaksyon ak kou opòtinite. Kisa yo ye? Enben se pa yon bon maten moun nan leve li jwenn lajan an prete, sitou si se nan men labank li prete l. Sa ka rive moun nan fè yon bann ti depans sou kote, anvan li resi jwenn lajan an prete, tankou: peye taptap pou li al labank lan, enprime papye oswa fè fotokopi. Men se pa sèl lajan li depanse ki depans, fòk nou konte tou tout tan li pèdi nan monte desann, fè rechèch, mande zanmi li konsèy, negosye, elatriye. Tout depans sou kote sa yo, keseswa nan tan oswa nan lajan moun nan depanse pou li rive fè afè a (tranzaksyon an), yo rele yo kou tranzaksyon. Men fòk nou pa bliye tou, sa yo rele kou opòtinite lajan ou prete a.
Kou opòtinite kredi ou pran an kapab to enterè pi bon zafè ou te ka jwenn nan men yon lòt moun oswa nan men yon lòt bank. Si tout bagay t ap mache byen, to enterè a te dwe tou egal ak kou opòtinite kredi a e ou t ap jwenn menm to enterè a toupatou, kèlkeswa kote ou pase. Malerezman sa konn rive ou panse ou fè yon bon afè epi te gen yon lòt afè ki te bon pase li. Nou ap gen pou nou tounen sou koze kou opòtinite sa a nan yon lòt atik. Kidonk randevou kase.
Annatandan, pa bliye like atik la ak paj Krekonomi an ki pote l pou ou epi pataje ti prensip sa yo ak lòt moun ou konnen sa ka itil. Kredi ka kokobe biznis ou, konsa tou li ka voye li monte byen wo. Lesansyèl se kale je ou epi fè bon zafè.

1 commentaire: