vendredi 18 novembre 2016

TOUT JWÈT SE JWÈT MEN KÒCHÈT PA LADAN L



Pou anpil moun, jwèt vle di plezi, jwèt se kontrè sa ki serye. Pou anpil moun, jwèt se jwèt. Poutan, youn nan bèl branch ki genyen nan ekonomi an rele Teyori Jwèt, e gen anpil analiz serye ki soti ladan.

Sou ki bò yon gadyen ta dwe plonje si li vle kenbe pennalite yon atakan pral choute nan yon match foutbòl? Sou ki bò atakan an ta dwe choute pou li evite gadyen an kenbe pennalite li a? Sa ki enteresan nan sitiyasyon sa a, kontantman atakan an ap jwenn apre li fin fè yon chwa makònen ak chwa gadyen an ap fè a, menm jan an tou konsekans chwa gadyen an makònen ak desizyon jwè a. Sa se youn nan gwo karakteristik stil « jwèt » ekonomis yo rele jwèt yo, kote konsekans desizyon chak moun makònen ak desizyon lòt moun yo. Objektif ekonomis lan, fòk nou pa bliye, se toujou chèche desizyon ki ap bay plis satisfaksyon an pandan li ap evite gaspiyaj. Nan ka «  jwèt » choute pennalite a, ekonomis lan pral chèche pou li wè si pa gen yon desizyon ki ta ka bay plis satisfaksyon pou tout moun pase tout lòt desizyon yo. Nan yon jwèt, yon sitiyasyon ekilibre konsa, kote chak moun ki ladan li pap anvi fè wonn pòt oswa eseye okenn lòt desizyon, yo rele li yon « ekilib Nash ». Gen yon bèl fim ki fèt sou potorik gason yo rele Nash la nou envite ou gade. Pou pwoblèm pennalite a,nou pral pote 2 kalte solisyon. Premye solisyon an teyorik e li soti dwat nan yon ti analiz tou senp ki itilize kèk konsèp Teyori Jwèt la, nan ekonomi. Lòt solisyon an, ki se yon diplis Krekonomi pote pou tizè foutbòl yo, soti nan etid ki fèt, sou teren, ak chif toutbon oswa pennalite ki choute toutbon, e ki aprann nou anpil bagay sou sa jwè ki ap choute yo, gadyen yo, antrenè yo e menm ekip yo ka fè pou yo soti ak kè kontan apre yon penalite fin choute.

Pou nou senplifye pwoblèm nan, annou di gen 2 bò sèlman boul yo choute a ka ale : bò dwat gadyen an (D) osnon bò goch gadyen an (G). Annou di tou, depi gadyen an plonje nan bon bò a, li ap kenbe penalite a e depi li pa plonje nan bon bò a, boul la ap gòl. Nou ap sipoze ni atakan an ni gadyen an se moun ki gen lespri e yo chak konnen lòt la gen lespri tou. Ebyen si se konsa, gen 4 posiblite. Yon premye posiblite se si atakan an voye boul la agoch gadyen an e gadyen an plonje agoch, nou ap ekri li (G, G), kote premye G a se pou desizyon atakan an e dezyèm G ki nan parantèz la se pou desizyon gadyen an. 3 lòt posiblite ki rete yo se : (G, D), (D, G) ak (D, D). Lè boul la gòl, nou ap di atakan an make yon pwen (+1), lè li pa gòl nou ap di atakan an pèdi yon pwen, paske li pa kontan (-1). Menm jan an tou pou gadyen an, sofke li menm se lè li kenbe balon an kè li kontan (+1) e lè boul la gòl kè li pa kontan (-1). Li klè, pa gen youn nan 4 blòk desizyon nou sot site yo ki ap ka fè kè toulède moun yo kontan. Se oubyen atakan an kontan epi gadyen an pa kontan, lèkonsa nou ap ekri sa (+1, -1), e sitiyasyon sa a ou jwenn li nan 2 ka : (G, D), (D, G), sa vle di lè gadyen an plonje move bò a. Lòt sitiyasyon an se pou gadyen an kontan epi atakan an pa kontan, nou ap ekri li (-1, +1) e ou jwenn li nan 2 lòt ka yo : (G,G) ak (D,D), kote gadyen an plonje sou bò atakan an choute a. Pwoblèm ki poze kounye a, pa gen youn nan sitiyasyon yo ki pi bon pase tout lòt yo pou toulede moun yo alafwa. Toujou gen yon lòt sitiyasyon youn nan moun yo prefere anvan pennalite a choute, lè li sipoze lòt la ap choute nan yon bò (adwat oswa agoch). Kidonk, ta sanble pa gen yon ekilib Nash ki posib. Men an reyalite, gen youn!

Annou imajine atakan an ta konnen se titato gadyen an toujou fè pou li chwazi sou ki bò li ap plonje. Ekzanp, annou imajine gadyen an toujou gen yon senkant kòb nan pòch li e li toujou kouri fè tonton palmis pou li ka deside sou ki bò li ap plonje, e annou di atakan an konn sa. Si atakan an chwazi choute adwat, se tankou se yon bòlèt li jwe, paske gen 50% chans pou gadyen an plonje adwat e 50% chans pou li plonje agoch, piske se tonton palmis li te fè. Kidonk, nan 50% ka desizyon choute agoch la ap rapòte atakan an yon pwen (+1), si gadyen an ta plonje sou lòt bò a. E nan 50% ka, li ap fè li pèdi yon pwen (-1), si tonton palmis lan fè gadyen an plonje sou bò li choute a. Kidonk, total pwen atakan an ka ESPERE si li choute agoch se :
                                     
Menm lojik la kenbe si atakan an ta chwazi choute adwat, piske chans pou li genyen oswa pèdi a se 50-50 paske gadyen an se titato li fè. Kidonk kit li choute adwat kit li choute agoch se menm penpenp lan, depi li konnen desizyon gadyen an se yon bòlèt kote gen 50% chans sèlman pou li plonje adwat. Nan toulede ka yo, total pwen li ka espere a se 0.

Nou te ka fè menm lojik la pou gadyen an tou si fwa sa nou sipoze li konnen atakan an se sou baz yon aza 50-50, li choute pennalite li yo. Lè sa a kit li plonje adwat kit li plonje agoch, total pwen li ka espere a ap 0, paske gen  50% chans pou li pran gòl e 50% chans pou li kenbe pennalite a. Kounye a si ni atakan an ni gadyen an di yo ap chwazi choute oswa plonje sou baz yon aza kote gen 50% chans pou youn chwazi adwat e 50% chans pou lòt la chwazi adwat tou, ebyen yo toulede pap gen okenn enterè chanje desizyon 50 kòb yo voye anlè a di yo pou yo pran an, kit se agoch kit se adwat paske pa gen okenn lòt desizyon ki ap ka rapòte yo plis (nou te wè agoch kou adwat pèmèt yo espere menm kantite pwen an, ki se 0). Kifè, nou goumen nou goumen nou rive jwenn yon sitiyasyon ekilib si atakan an ak gadyen an ta deside mikse oswa melanje desizyon choute adwat la ak desizyon choute agoch la sou baz yon aza kote gen 50% chans pou se adwat e 50% chans pou se agoch. Nou ka rele ekilib sa a ekilib Nash nou tap chèche a! E sa ki enteresan an, teyori a di kèlkeswa jwèt la, depi ou chèche ou ap ka toujou jwenn menm yon grenn ekilib Nash pou piti, menm si sa ta mande pou mikse desizyon yo sou baz aza, jan nou sot fè a.

Rezime : Prensip lan se rete enprevizib. Pi bon solisyon atakan an ak gadyen an ka pran e ki ap pèmèt yo pran mwens desepsyon se si yo toulede fè titato pou yo konnen si se adwat oswa agoch yo ap choute. E fòk nan titato yo ap fè a, gen 50% chans pou se agoch oswa adwat ki pase! 

Sa rive ou deja pou ou choute yon pennalite? Pou ou gadyen? Èske se sou baz aza ou konn deside? Oswa, èske ou gen lòt taktik ou konn itilize pou ou ka fè pi bon chwa a? Kisa eksperyans montre sou koze pennalite sa a? Se sa nou pral gade la (sa nou pral di yo baze sou yon bèl atik nou jwenn sou nèt la)

 Li klè, pa gen anpil jwè oswa gadyen ki baze sèlman sou aza pou yo chwazi sou ki bò yo ap choute. E li klè tou, ekzanp nou te pran an twò senp, paske se pa sèl agoch oswa adwat ki genyen : boul la ka ale dwat nan kan, nan mitan kan an, anlè, elatriye. Gen lòt detay tou ki konn jwe, tankou lè gadyen an eseye enfliyanse jwè a. Menmsi teyori nou sot prezante sou ekilib Nash la toujou kenbe, li bon pou nou gade kisa eksperyans ki fèt revele toutbon sou koze pennalite sa a, ki strateji jwè yo konn itilize e èske yo bay rezilta. Men yon lis taktik nou pote pou ou ki konn bay rezilta, dapre rechèch ki fèt.

Bò kote pa jwè a
1) Gen 70% rive nan 85% chans pou jwè a fè gòl lè li choute yon pennalite. Kidonk, jan yo renmen di a, sanble se move choutè ki genyen, pa gen bon gadyen.

2) Si nou separe kan an an 9 zòn tankou nan tablo ki vin apre a (ki reprezante kan an), rechèch ki fèt montre montre zòn jwè yo konn vize ki bay mwens rezilta a se atè adwat ak atè agoch. Zòn ki bay plis rezilta a lè jwè yo vize li, se tout zòn anwo a. Epi, choute nan mitan, nan 87% ka yo etidye yo, toujou pèmèt jwè a fè gòl.
Anwo adwat
Anwo nan mitan
Anwo agoch
Mitan adwat
Nan mitan
Mitan agoch
Atè adwat
Atè nan mitan
Atè adwat

3) Atakan an ka swa deside alavans men sou ki bò li pral choute oswa pran desizyon nan moman pye li pral frape boul la apre li fin suiv sou ki bò gadyen an plonje. Chak gen avantaj yo ak dezavantaj yo : ekzanp, tann dènye lè a pou ou chwazi bò ou ap choute a ka pèmèt ou bati gadyen se vre, men ou gen plis chans tou pou chout ou a manke presizyon e pou ou rate gòl la menm si gadyen an bati. Rechèch ki fèt montre an jeneral teknik dènye lè a bay rezilta si gadyen an gentan plonje pou pi piti 0.3 segonn avan jwè a choute, si se pa sa jwè a ka pa gen tan pou li pran desizyon li a e pou li byen klase balon an.

Bò kote pa gadyen an
1) Pou gwo jwè yo, gadyen an ka etidye alavans abitid jwè sa yo nan choute pennalite pou yo ka konnen sou ki bò yo pi renmen choute. Dapre ou menm, ki bò Lionel Messi pi pito? Men fòk nou di, nan seyans tiwobi yo, pafwa gadyen an oblije toke kòn ak yon bann jwè ki pa sipèsta. Dapre rechèch ki fèt, gen yon seri detay gadyen yo ka itilize lèkonsa pou prevwa sou ki bò jwè a gen plis chans choute. Si nan moman jwè a pral choute a jwè a panche senti li, gen anpil chans pou li choute sou bò li pi alèz la : si se yon goche, gen anpil chans pou li choute sou bò dwat gadyen an (sa vle di sou bò goch jwè a). Si senti li pa panche nan moman li pral choute a, gen anpil chans pou li kwaze chout la : ekzanp, si li se yon goche, gen chans pou li choute sou bò goch gadyen an (sa vle di sou bò dwat jwè a). Si lestomak li yon ti jan kage sou do, gen chans pou se anlè li choute, si li pa kage ditou gen chans pou li choute atè. Gadyen an ka gade tou byen rapid nan ki direksyon pwent pye jwè a apiye sou li a bay : gen anpil chans pou se nan direksyon sa a jwè a choute.

2) Rechèch montre si gadyen an fè yon ti avanse sou kote tou piti olye li rete nan mitan kan an, sa ka enfliyanse jwè a pou li choute sou bò ki pi lib la (gen omwen 10% chans anplis pou sa fèt lè konsa).

3) Lakay foutbolè amatè yo, eksperyans montre lè gadyen an tonbe fè makak oswa pede bouje kò li nan kan an, sa ka dekonsantre jwè a e ogmante chans pou li kenbe pennalite a.

Bò kote pa ekip la
Ekip ki plis afiche kè kontan yo lè yon jwè yo fè gòl nan tiwobi, souvan sa sanble bay jwè yo plis konfyans nan tèt yo paske pi souvan se ekip sa yo ki genyen nan tiwobi, dapre yon rechèch ki analize 30 seyans tiwobi.

Bò kote pa antrenè a
1) Antrenè yo gen tandans fè 2 pi bon jwè yo choute an premye ak an dènye nan seyans tiwobi yo, dapre sa chèchè yo obsève. Poutan, dapre yon modèl matematik kèk chèchè devlope, sanble fason ki pi efikas pou antrenè a ta fè sa se fè pi move jwè yo choute an premye e fè pi bon jwè yo choute an dènye!

2) Menm chèchè sa yo pwopoze pou antrenè yo, lè yo sispèk match la ka rive nan tiwobi, si yo gen yon gadyen ki pi fò nan kenbe pennalite men ki ap bwè ban, pito yo fè li monte teren an nan plas gadyen ki ap jwe a! Men, se pa anpil antrenè ki ap pran yon chans konsa!

Li klè jwèt foutbòl la pafwa plis sanble yon syans pase yon jwèt. An reyalite, nou ta ka di sa pou pifò jwèt, tout bagay la se ak ki je ou ap gade jwèt sa yo. Men nou pap bliye pwovèb la, jwe ak lespri, met may ou deyò pou ou genyen pa vle di menm bagay ak fè koken pou ou ka genyen. Tankou pwovèb la di, tout jwèt se jwèt, kòchèt pa ladan l…Gen limit pou nou pa depase. Apre sa, sa nou swete se pou seleksyon Ayiti a menyè itilize ti prensip sa yo pou amelyore efikasite li. Lè sa petèt nou va gen plis rezon pou nou chante Grenadye Alaso!


Mèsi pou atansyon ou. Atik la te long, men nou espere ou pa regrèt lekti ou a. Pa bliye like paj Krekonomi an, bay reyaksyon ou sou atik sa a, epi pataje li ak zanmi ou sa ka enterese. Randevou kase!



Aucun commentaire:

Publier un commentaire