mardi 24 janvier 2017

Akò komès libelibè: madichon?


Sous : Atik sa se tradiksyon e adaptasyon yon ankadre nan « Pindyck, R. S., & Rubinfeld, D. L. (2005). Microeconomics. New Jersey: Perason Education. Inc. Upper Sadle River. »

Efè revni, efè sibstitisyon ak akò komès entènasyonal

Premye janvye 1989, Akò Librechanj (ALE) ant Kanada ak Etazini te kòmanse aplike. Akò sa a, ki kwape tarif ladwàn yo epi retire nan baryè ki pa sou fòm tarif yo, te gen kòm objektif pou li ankouraje komès ant 2 peyi sa yo. Epi, janvye 1994, akò a vin layite kò li lè Kanada, Etazini ak Meksik siyen Akò Librechanj nò-ameriken (ALENA) an e konsa vin kreye pi gwo zòn librechanj nan monn lan. Depi lè sa a, Kanada siyen yon bann ti akò menm jan an ak peyi tankou Kore, Costa Rica, Chili, Israël e travay sou ratifikasyon Zòn Librechanj Amerik yo (ZLEA), ki ta gen pou rasanble nenpòt 34 peyi Amerik Nò a, Amerik Sid la, Amerik Sant lan ak Antiy yo (sof Cuba). Kit se Okanada oswa nenpòt lòt kote nan mond lan, akò komès sa yo toujou fè gwo tole. Opozan liberalizasyon komès la renmen di akò sa yo gen move konsekans (sou salè moun ap touche, sou anviwònman an, elatriye) e poutèt sa yo ta dwe evite yo.

Deba sa gen anpil koze ki melanje ladan. Men, koze efè sibstitisyon ak efè revni yo ka ede nou pote yon ti limyè  sou konsekans akò komès sa yo ka genyen. Kòm akò komès sa yo mache ak eliminasyon tarif ladwà yo ak lòt baryè komèsyal yo, sa finalman fè pri pwodui enpòte yo bese. Kidonk akò sa yo nan avantaj tout konsomatè peyi ki siyen li yo. Men, tout sa ki bon pou youn (konsomatè yo) ka pa bon pou yon lòt (pwodiktè yo). Vrèmanvre, piske tout baryè sou fwontyè kaba, antrepriz lokal yo oblije vin antre nan konkirans dirèk ak pwodiktè lòt peyi ki siyen akò a, ki yo menm gen dwa ka pwodui menm pwodui a toutpandan yo depanse mwens. Kifè, gen antrepriz lokal ki gendwa pa ka kenbe kadans lan, nanpwen pou finalman yo fè fayit , fèmen pòt yo e konsa lage yon bann travayè nan chomaj.

Eksperyans ALE a ak eksperyans ALENA a montre vrèmanvre anpil antrepriz Kanada pat rive fè fas kare ak defi liberalizasyon an e yo te oblije fèmen pòt yo. Konsekans sa liberalizasyon an konn genyen an, sa ki rele efè sibstitisyon an pèmèt nou konprann li paske an reyalite sa k pase, anpil konsomatè kanadyen yo chwazi konsome pwodui enpòte yo pito nan plas pwodui lokal yo paske pwodui enpòte yo vin pi ba pri. Efè sibstitisyon sa a, medya yo renmen li anpil e pi souvan se agiman sa opozan liberalizasyon yo mete devan. Epoutan, menm si  efè sa ekziste toutbon, gen yon lòt efè ki se efè revni an ki souvan mache ansanm ak li. Ebyen, sa k pase, kòm pwodui enpòte yo vin pi ba pri pase pwodui lokal yo, konsomatè yo vin santi yo pi rich, se tankou yo te fè ekonomi parapò ak depans yo abitye fè. Ekonomi ak eksperyans ki fèt nan reyalite a montre lè moun yo santi yo vin pi rich konsa (kit se paske lavi chè a bese oswa yo vin gen plis lajan), ebyen yo gen tandans konsakre ti lajan anplis yo santi yo genyen an nan achte pwodui ki gen yon elastisite-revni ki wo [sa vle di pwodui moun ki gen lajan renmen konsome] tankou ale nan restoran, pran plezi, oswa pran swèt tèt yo plis. Se konsa, antrepriz sa yo ki ap vann pwodui sa yo, vin vann plis e kapab KREYE nouvo djòb, kontrèman ak lòt efè talè a ki te fè moun pèdi djòb yo. 

Konsekans sa nou fenk sot wè a la se pa yon envansyon, li ekziste menm jan ak konsekans efè sibstitisyon an, sofke medya yo prèske pa janm pale sou li paske fòk ou fouye zo nan kalalou pou ou rive wè li. Kifè, si yon moun se efè sibstitisyon an sèlman ou gade, sa ka fè w fè erè nan analiz ou a. Fòk ou tcheke toulede efè nou sot wè yo, paske lè sa ou ap ka fè yon analiz ki pi konplè sou veritab konsekans akò komès libelibè sa yo genyen.

By Keepscases - Own workVectorized from http://www.nafta-sec-alena.org/, CC BY-SA 3.0, https://commons.wikimedia.org/w/index.php?curid=8015756


Aucun commentaire:

Publier un commentaire